15 Free YouTube subscribers for your channel
Get Free YouTube Subscribers, Views and Likes

Jounal Kreyòl Premye Okazyon || Lendi 8 Jiyè 𝟐𝟎𝟐𝟒

Follow
Radio Television Caraibes

1.3 lane apre asasina prezidan Jovenel MOISE Sou inisyativ konsey prezidansyel la Yon Seremoni refleksyon ak rekeyman , dewoule aye dimanch 7 jiye a , nan vila dakey ,nan memwa defen prezidan , 3 lane apre asasina li, 7 jiye 2021 , lakay li , nan komin petyonvil .

Plizye ofisyel nan gouvenman tankou premye minis Garry Conille ak Majorite konseyeprezidan yo te reponn prezan . Nan diskou sikonstans li,prezidan konsey tranzisyon an ,Edgard Leblanc FILS ki envite tout peyi a pou onore memwa prezidan jovenel MOISE, mande pou lajistis idantifye tout asasen yo epi pini yo kom sadwa .

2."Paka gen okenn diskisyon ak bandi pandan yo toujou gen zam nan men yo, bandi yo dwe rekonèt otorite leta, e pasyans nou gen limit", sa se deklarasyon premye minis Garry Conille .

PM nan ki anonse direktè jeneral PNH la ak chèf kontenjan kenyan ap gen pou bay founi popilasyon an bonjan eksplikasyon jounen lendi an, sou ansanm dispozisyon ki pran e k'ap gen pou pran ,nan jou kap vini yo ,yon fason pou pèmet sekirite retounen nan peyi a.

Garry Conille te tou pwofite bay 4 gwo priyorite li genyen nan zafè sekirite , ki se pran kontwòl tout zòn yo, pèmèt popilasyon an retounen lakay li , sikile san kè sote epi pèmèt viktim yo jwenn jistis ak reparasyon.

3.PNH la gen yon nouvo pot pawol komise divizyone MichelAnge Louis jeune retounen kom nouvo pot pawol enstitisyon lapolis la, li ranplase komise minipal Garry Desrosiers ki transfere nan direksyon planifikasyon stratejik ak devlopman .

4. Premye minis Garry Conille prezante bilan vireron li fè nan peyi Etazini soti 28 pou rive 5 jiyè 2024.

Pandan vizit sa a chèf primati a fè konnen li reyalize yon seri rankont ak responsab yo nan bank mondyal, li te rankontre tou sekretè deta ameriken an Antony Blinken, responsab yo nan Konsèy sekirite nasyonzini ak Konsèy ekonomik sosyal nasyon zini an (Ecosoc).

Garry Conille ki montre li trè satisfè parapo ak rankont sa yo fè konnen li te pwofite pasaj li nan peyi etazini pou vizite anbasad peyi dayiti a nan Washington, li te abòde pwoblèm pwodiksyon paspò a ak direktè imigrasyon an.

5.Nan lide pou rann Pwogram Ijans Multisektoryèl yo konfòm ak respè dispozisyon ki nan tèks lejislatif yo epi nòm ki defini yo, laKou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif atravè yon rapò li pibliye nan mwa jen 2024 la sou Verifikasyon pwogram ki pote non PUM nan, fè divès rekomandasyon.

Nan kad pwogram sa ki vize fè apèzman ak reyensèsyon sosyal gwoup vilnerab yo, lakou a rekòmande pou Repanse sistèm jesyon PUM nan ,nan objektif pou pi byen etabli kad ki jere responsabilite ak kòdinasyon santral pwogram nan.

Lakou a rekòmande tou pou fè odit entèn detanzantan epi Mete kanpe bonjan nòm jesyon ak pwosedi ki aplikab espesyalman sou kesyon resous, depans, piblikasyon enfòmasyon, pwodiksyon rapò ak itilizasyon ekipman yo. Nap gen plis detay sou dokiman sa ak kolaborate nou,Mischly Alexis .

Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
Meteyo : Chrisnette SAINTGEORGES
Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
Spo : Jacques Hans Vilfort (jako)
Pwodiksyon : JeanClaude DOLCÉ
kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

posted by hymhardduoh